
Imajine w ap kondui sou I-5 nan lè pik la, epi trafik ki devan w lan ralanti toudenkou epi li rete. Ou ralanti epi ou kanpe, epi ou respire ak soulajman ke tout bagay anfòm. Kèk segonn apre, machin ou an frape pa dèyè pa yon chofè ki te distrè, ki t ap kondui twò vit pou kondisyon yo, epi ki t ap swiv ou twò pre. Ou sezi epi ou pa sèten sa k te pase a. Sa a se yon istwa ki fèk rive youn nan avoka nou yo!
Li enpòtan pou ou konnen epi sonje kèk konsèy jeneral pou pwoteje tèt ou nan sitiyasyon konsa:
- Retire machin yo nan trafik la san danje.
- Asire w ou mete machin ou nan pakin epi ou limen limyè danje yo (flashers).
- Fè atansyon si w ap soti nan machin ou pou pale ak lòt chofè a, epi tcheke trafik la oswa danje anvan ou ouvri pòt machin ou.
- Rele 911 si ou menm oswa lòt moun nan aksidan an blese oswa si machin yo pa ka woule.
- Pran foto domaj ki fèt nan machin ou ak machin lòt chofè a, epi jwenn plak machin yo nan foto yo.
- Pran yon foto lisans chofè a ak kat asirans lòt chofè a (yo), epi jwenn nimewo telefòn selilè tout moun ki enplike yo.
- Si gen pasaje nan lòt machin nan(yo), mande non yo ak nimewo telefòn selilè yo.
- Tcheke ak anpil atansyon pou asire w ke limyè fren yo ak siyal yo toujou ap fonksyone, epi ke machin ou an san danje pou w kondui anvan w kite plas la. Si w gen dout, rele lapolis epi fè yon kamyon remorkaj vin sou plas la.
- Tcheke trafik la anvan ou rale machin ou soti pou kite plas la.
- Si ou devlope doulè oswa sentòm blesi fizik nan kèk èdtan oswa jou apre kolizyon an, rele doktè ou oswa ale nan sant swen ijans pou yo evalye w.
- Rele yon avoka kalifye nan aksidan pèsonèl si ou gen kesyon.


